Pwodiksyon, Sekirite, Gouvènen ak Demokrasi (dezyèm pati)


Nan dènye atik sou edikasyon demokratik la mwen te pale de twa gwo fonksyon ak twa gwo wòl nou jwenn nan nenpòt ki sosyete. Se te Fonksyon Pwodiksyon, Fonksyon Sekirite ansanm ak Fonksyon Gouvènen an. Selon twa gwo fonksyon sa yo chak moun k ap viv nan yon sosyete gen wòl pa yo e yo chak gen posibilite pou devlope talan yo kòm sa dwa.

Wòl sa yo ak fonksyon sa yo pèmèt yon peyi pwoteje tèt li pou l pa depann de okenn lòt peyi sitou si chak wòl sa yo ranpli nan bon jan kòdinasyon selon bezwen ak pwojè yon sosyete genyen.

Li enpòtan pou tout moun k ap fè politik tankou, tout lòt sitwayen k ap viv nan yon sosyete konnen byen enpòtans ak reyalite twa gwo wòl ak fonksyon sa yo. Men tou, sila yo k ap reflechi kouman yo dwe pèmèt yon peyi e yon sosyete evolye gen responsabilite pou yo byen konnen chak gwoup moun e ki kalte moun ki fè pati wòl ak fonksyon sa yo paske sa pèmèt yo konprann epitou esplike si sosyete sa a oubyen peyi ki konsènen an ap mache byen.

Gen anpil save ak filozòf ki di twa wòl ak fonksyon sa yo nou rele Fonksyon Sekirite, Wòl ak Fonksyon Pwodiksyon, Wòl ak Fonksyon Gouvènen yo se baz ak fondasyon tout ideyoloji, se baz ak fondasyon tout sòt Filozofi Politik, se baz ak fondasyon tout filozofi ekonomik, se baz ak fondasyon tout filozofi Sosyal ak kiltirèl.

Konsa, moun k ap panse devlopman ak pwogrè yon sosyete ak yon peyi, lè l pran san l pou l obsève, pou l analize epitou pou l konstate ki kalte moun ki twouve yo nan yon gwoup ou di mwens nan yon wòl ak yon fonksyon kèlkonk, pansè sa yo kab di klè, kou dlo kòk, si se yon sosyete ki jis, si se yon sosyete egalego oubyen tou si se yon sosyete k ap vanse sou chimen pwogrè oubyen k ap fè bak.

Oswa tou, pansè sa yo ka di tou si se yon sosyete ki sou ray demokrasi oubyen ki anba diktati. Paske se sou fason moun nan sosyete sa yo met tèt yo ansanm oubyen se nan fason moun sa yo degrennen anndan yon sosyete sitou ki kalte moun ki twouve yo nan yon kalte wòl ak fonksyon ki pèmèt pansè sa yo di san grate tèt ki kalte peyi ou genyen.

Kite m pran kèk egzanp pou m ka fè nou konprann enpòtans pou nou konnen gwo wòl ak gwo fonksyon sa yo genyen pou byen konprann direksyon yon peyi ap pran. Sa vle di, an n eseye wè si gen pwogrè an Ayiti oubyen si nanpwen pwogrè an Ayiti; si gen demokrasi oubyen si pa gen demokrasi an Ayiti; Si gen libète, si pa gen libète; Si tout moun egalego an Ayiti.

Lè n pran twa Wòl ak twa Fonksyon sa yo tankou Fonksyon Sekirite nou te pale a, Fonksyon Pwodiksyon an ansanm ak Fonksyon Gouvènen an pa egzanp, nou ka jis poze kèk kesyon e, chak moun ka bay pwòp repons pa yo annatandan mwen tonbe sou analiz pa m yo, n ap rive wè epitou konprann ki kalte sosyete e nan ki kalte peyi n ap viv an Ayiti. Men kèk egzanp de kesyon pou n koumanse poze :

Ki moun ki vin plis polisye nan peyi a? Èske se plis moun rich oubyen moun pòv ki fè polisye? Ki moun ki fè agrikilti nan peyi a? Ki moun ki se Pwopriyetè izin ak faktori nan peyi a? Ki moun ki se avoka, doktè, pwofesè, enjenyè elatrye nan peyi a?

Ki moun ki gen anpil tè nan peyi a? Ki moun ki ka plis vwayaje nan peyi etranje nan peyi a? Ki moun ki ka bati bèl kay yo nan peyi a? Ki moun ki ka achte bèl machin nèf nan peyi a? Ki moun ki se mèt ak pwopriyetè bank ak konpayi nan peyi a?

 Nou ka fouye plis toujou ak kèk lòt kesyon tankou :

Kouman moun k ap travay late yo finanse pwodiksyon agrikòl nan peyi a? Ki kalte zouti moun k ap fè agrikilti yo itilize pou yo plante, awoze, rekòlte late yo plante yo? Ki kalte finansman moun k ap fè elvay bèt nan peyi a jwenn e ki ankadreman yo jwenn?

Èske gen anpil transfòmasyon pwodywi agrikòl nan peyi a epitou ki estrikti ak enfrastrikti moun k ap fè transfòmasyon sa yo genyen pou kontinye aktivite sa yo? Pwodywi moun itilize oubyen manje nan peyi a èske se nan peyi a yo fè yo oubyen se aletranje yo sòti? Rad n ap mete yo, soulye nou mete yo ansanm ak tout lòt byen ak aparèy nou gen lakay nou yo ki kote yo sòti, nan peyi a oubyen aletranje?

Jis nou fin poze kèk kesyon sa yo, nou ka konkprann ki kalte sosyete peyi ayiti ye. Se konsa, si n ta pran chak gwoup moun sa yo ki twouve yo nan yon kalte fonksyon pami twa gwo fonksyon nou te lonje dwèt sou yo a, epi si n ta konsidere kouman chak moun sa yo ap viv dapre sa aktivite y ap fè a rapòte yo kòm lajan pou yo viv, nou ta ka remake ki pòsyon moun nan sosyete a k ap byen viv sou metye yo tou kòm sila yo k ap mal viv ak kantite lajan yo fè ak metye yo a.

Yon lòt kote, lè n konsidere yon lòt pòsyon kesyon pami sila yo nou te poze yo epitou selon kèk repons nou rive jwenn pou yo, nou ta ka rann nou kont tou ki jan de moun ki ta ka bezwen pou leta ak tout lòt enstitisyon sosyal ede kenbe eskanp figi yo pliske aktivite y ap fè a pèmèt oubyen pa pèmèt yo viv nan diyite moun tout bon.

Nan yon sosyete tout moun ta dwe gen dwa pou l viv tankou moun menm jan ak nenpòt ki kalte lòt moun moun pliske pa gen okenn diferans ant yon moun ak yon lòt: tout moun bezwen manje pou yo manje;

tout moun bezwen yon kay ki gen kouran vennkat sou vennkat, dlo vennkat sou vennkat pou l bwè, pou l benyen, bon jan mèb, radyo, televizyon, ak tout lòt aparèy modèn pou l enfòme tèt li menm jan ak bon jan telefòn pou l pale ak fanmi l ansanm ak zanmi l, tande mizik li renmen, men tou li bezwen bon jan kay pou l rete e pou l dòmi;

tout moun bezwen sekirite lè l lakay li pou zenglendou, kidnapè, vòlò ak kadejakè pa vin fè dappiyanp sou li ak sou byen l genyen, tout moun bezwen sekirite pou pwoteje byen l ak lajan l genyen lakay li, nan bank li mete lajan l ansanm ak lajan li genyen nan biznis ak kòmès li;

tout moun gen dwa pou yo jwenn sèvis swen ak sante pou li menm ak fanmi l; tout moun gen dwa pou yo repoze yo epitou tout moun gen dwa pou yo pran konje ak vakans pou yo pwofiti bèl lanmè, bèl frechè, bèl chalè sitou se yon seri de bagay ke lanati mete la gratis ti cheri elatrye.

Men lè nou kanpe gade pami tout moun ki viwonnen n yo, konbyen nan nou ki gen dwa ak bagay sa yo? Èske tout moun gen menm dwa anndan sosyete peyi Ayiti? Èske tout moun gen ase lajan ak mwayen pou l al kote l vle e lè lide l di l?

Ki kalte moun ki ret nan yon bon kay e ki p ap viv nan labou ak kras? Kouman fè gen yon pòsyon moun ki jwenn e yon lòt pòsyon ki pa jwenn? Moun ki jwenn yo ki sa ki fè pou yo jwenn otan?

Ki kantite lajan yon agrikiltè fè chak mwa pou l viv? Ki kantite lajan yon ouvrye, yon travayè k ap travay nan izin touche e ki sa l ka fè selon bezwen pa l ak bezwen fanmi l ak lajan l touche chak semenn, oswa chak kenzenn osinon tou chak mwa?

Konbyen lajan yon anplwaye leta touche e ki sa l ka fè ak lajan sa a? Ki valè lajan yon mèt izin ak faktori touche? Ki diferans ki genyen ant yon moun k ap deboure twou rego ak yon lòt moun k ap travay nan yon biwo?

Ant yon peyizan ak yon patwon izin, kiyès ki pi entelijan? Yon moun nwè ak yon moun blan oubyen yon moun milat kiyès nan twa gwoup moun sa yo ki pi moun pase yon lòt?

Kòm nou ka konprann li, si m t ap pran tan m pou m poze kesyon, mwen pa t ap janm fini poze kesyon e tèlman gen kesyon mwen te kab pa janm jwenn yon ti rès tan pou m ta menm eseye reponn voum kesyon sa yo. Men si tout moun nan yon peyi ap chache kesyon pou yo poze tèt yo ak sosyete y ap viv ladan l lan, nou t ap rive jwenn plis repons ansanm.

Men tou, plis ta gen plis moun k ap chache poze kesyon. Se plis nou ta jwenn solisyon pou kesyon sa yo. Kon sa plis solisyon ta bare lawout bay kesyon ak pwoblèm yo. Se sa m swete chak ayisyen fè pou pèmèt ayiti jwenn plis solisyon douvan makòn kesyon ki tere ayiti nan bafon soudevlopman ak lamizè.

Jacques-Vhentryx-Héylradph Shofzblikgmwan Jean-Louis

pour Hermann H Cebert

Publicités

Laisser un commentaire

Choisissez une méthode de connexion pour poster votre commentaire:

Logo WordPress.com

Vous commentez à l'aide de votre compte WordPress.com. Déconnexion / Changer )

Image Twitter

Vous commentez à l'aide de votre compte Twitter. Déconnexion / Changer )

Photo Facebook

Vous commentez à l'aide de votre compte Facebook. Déconnexion / Changer )

Photo Google+

Vous commentez à l'aide de votre compte Google+. Déconnexion / Changer )

Connexion à %s